top of page

Depi lè li louvri pot nan mwa Jiyè 2017, Fondasyon Klere Ayiti ap travay pou ede ayisyen ak ayisyèn devlope tèt yo, pandan li ap ofri yo sèvis nan  3 domèn : lasante, edikasyon ak devlopman kominotè.

Fondasyon Klere Ayiti fè anpil aksyon pou ede pèp ayisyen an mennen yon lavi miyo sitou moun ki pa gen gwo mwayen, fanm ak timoun. Fondasyon an chita aksyon li yo nan domèn lakilti; edikasyon sivik; timoun piti, anviwonman ; espò ; sante seksyèl ak repwodiksyon ; biznis nan pwodiksyon agrikòl. 

Martine Moïse, Premye Dam Peyi Dayiti, se Prezidant Donè Fondasyon Klere Ayiti e li chita enstisyon an sou prensip etik ak moral, yon fason pou ankouraje pwomosyon dwa moun, ankouraje chak sitwayen pou yo kontribye nan devlopman peyi a. Li ap pwone valè tankou : lapè ; lanmou ; lajwa ; tolerans ; aksyon sivik ; aksyon patriyotik ; respè anviwonman.

Vizyon

Nan lide pou asire lavi timoun yo epi pote bon jan solisyon ak pwoblèm anviwonman, Fondsyon Klere Ayiti ap travay pou sansibilize popilasyon an pou yo aji yon fason pou chanje kondisyon lavi yo, sa ki kapab ede nou genyen yon peyi ki ap fè pwogrè, ki gen lavi miyo ak respè youn pou lòt.

Misyon

Misyon Fondasyon Klere Ayiti se bay sèvis nan kominote yo, nan kesyon lakilti; edikasyon; anviwònman; lidèchip; timoun piti; espò.

Konsenan

Anchor 1
PayPal ButtonPayPal Button
bottom of page