top of page

Fashion 4 Development 2019 onore kilti ak tradisyon peyi Dayiti

Depi nan lane 2011, Evie Evangelou ap òganize Fashion 4 Development (F4D) pou selebre koperasyon ant diplomasi ak mòd pou byenèt fanm ak timoun nan mond lan. F4D bay on espas pou pale sou zafè emansipasyon, divèsite, kreyativite ak otonomizasyon fanm. Anpil inisyativ komanse pran nan plis pase 20 peyi pou fè pwomosyon mesaj chanjman nan sosyete yo.

​

F4D fèt nan jounen madi 24 septanm 2019 la, pandan ke  prezidan ak chef peyi yo reyini nan 74èm asanble general Nasyon Zini nan New-York. Se tout Premye Dam yo ki reyini pou manje ansanm epi asiste ak gwo seremoni kilitèl sa a akonpanye de anpil pèsonalite ki ap evolye nan domèn mòd ak ekriti. 

​

Ane sila, pou 9èm edisyon an, ekip F4D a te chwazi onore gran koutiryè  ki sòti nan peyi Tunisie Azzedine Alaïa.  Yo te voye tou on bel limye sou kilti ak tradisyon peyi Dayiti.  Fondasyon Klere Ayiti ak kèk koutirye, koutiryèz, dizayne ayisyen te reprezante. Sa ki te pèmèt anpil etranje konprann ak fè konesans ak gwo richès peyi Dayiti genyen nan kesyon lakilti.

bottom of page