


Describe your image

Describe your image


Describe your image
Jounen Mondyal Dwa Timoun: Premyè Dam Martine Moïse chanpyòn nan pwoteksyon timoun.
Se nan yon atmosfè ki te gen anpil anbyans, kote atis BIC te pèfòme, IBESR te selebre Jounen Mondyal Dwa Timoun yo, jounen vendredi 20 novanm 2020 an nan otèl Karibe.
Seremoni an te dewoule nan prezans envite donè a Premye Dam Repiblik la, Minis Zafè Sosyal ak Travay, Reprezantan Unicef an Ayiti, Reprezantan Oganizasyon ki ap travay nan sektè pwoteksyon timoun, Patnè Devlopman yo, Ekspè yo, manm laprès, timoun yo, paran ansanm avèk kèk envite.
Se te opótinite pou IBESR te rekonèt piblikman entèvansyon ak aksyon Premyè Dam nan pa janm sispann fè pandan denyè ane sa yo nan mennen refòm nan sektè Pwoteksyon timoun. Pou onore Premyè Dam nan, IBESR te remèt li yon Meday Nasyonal epi yo klase li kòm chanpyon nan Pwoteksyon Timoun.
Premye Dam nan ki pa janm bouke pran inisyativ pou defann diyite ak dwa timoun ayisyen yo, te fè remake kijan dat 20 Novanm enpotan pou li. Nan diskou li pou okazyon an, li te fè sonje ke tout timoun ayisyen yo , kèlkeswa orijin sosyal, sèks, relijyon yo, dwe jwi menm dwa, tankou: dwa pou pwoteksyon espesyal, dwa pou yo genyen yon idantite ak pou yo viv nan yon fanmi, dwa pou jwenn ledikasyon, dwa pou yo genyen libète opinyon ak libète lapawòl.
« Aktè ki nan sektè dwa timoun, se nan mete tèt nou ansanm ke tout efò nou ap fè yo va kreye kondisyon sosyal, ekonomik ak kiltirèl pou ti moun yo byen viv. Nou gen yon gwo opòtinite pou kontinye avanse, pou tout sosyete ayisyèn nan kapab tande vwa timoun yo. » Fòn presize tou, Premyè Dam nan te ankouraje tou laprès, pou yo jwe wòl yo nan difize spot pou edike ak konsyantize pèp la sou zafè dwa timoun yo nan peyi Dayiti.
Aprè diskou Premye Dam nan, seremoni an te kontinye avèk yon prezantasyon kòd pwoteksyon timoun nan, ke timoun, adolesan ak jèn nan òganzasyon tankou Enpak, Idejen, Eneph, Toya, Agen ak U-Rapò, te vin prezante. Te genyen tou, yon dyalòg sou kèk koreksyon ki kapab fèt sou kòd la, ansanm ak yon pati kote yo te onore kèk òganizasyon ak pèsonalite. Seremoni an te fini ak yon pèfòmans Gwoup Les enfants épanouis ki te genyen ak yo nan sikonstans lan, chantè Jean Jean Roosevelt.