top of page

Premye Dam peyi Dayiti Martine Moïse te selebre Jounen Entènasyonal Fanm Ansafolè.

Ane sila, Premye Dam Martine Moïse te chwazi selebre Jounen Entènasyonal Dwa Fannm nan yon seremoni ki te òganize nan komin Ansafolè, awondisman Sen Lwi di Nò, depatman Nodwès. 

​

Se te yon bel fet e plis ke senkant asosyasyon fanm ki soti Ansafole, Sen Lwidino, Podepe te  patisipe.

“Mwen soti nan jenerasyon egalite, ann kanpe pou dwa fanm respekte » Se sou tem sa a ke fanm nan le mond antye te fete pou ane 2020 an. Seremoni sa a, se yon okazyon pou Martine Moise montre on fwa anko deteminasyon l poul lite pou egalite ak amelyorasyon nan kondisyon lavi medam yo.

​

Menm lè gen anpil bagay ki rete pou fèt, fòk nou sonje gen kèk pa ki franchi nan lit fanm pa bò isit, tankou:

​

  • Dekrè ki pran pou kondane vyol sou fanm ak tifi (2005)

  • Dekrè elektoral sou kota 30% Fanm nan pòs elektoral yo nan eleksyon minicipal yo     (2005)

  • Piblikasyon dokiman sou politik egalite fanm ak gason (2014)

  • Lwa sou patènite, matènite ak filyasyon (2014)

​

Ane 2020 an, se yon lane kote nap kanpe pou nou montre detèminasyon nou nan zafè pwomosyon egalite fanm ak gason nan mond la. Li reprezante yon ane istorik ki ap make 5èm anivèsè Objectif de Developpement Durable (ODD). Lap make tou 20ème anivèsè Resolution 1325 Conseil Sécurité ONU sur la Femme, la Paix et la Sécurité.

​

Se premye fwa madan yon prezidan te vini nan Ansafolè.  Sa te fè popilasyon an kontan anpil. Yo te chante, danse, resevwa kado, prezante pyès teyat, manje ak Premye Dam Martine Moïse.  Se yon jou ke yo pap janm bliye.

bottom of page