top of page

Premyè Dam Martine Moïse komemore Jounen Entènasyonal Fanm Peyizan nan depatman Nodwès.

Jounen madi 20 oktòb 2020 an, Ministè Kondisyon Fanm ak Dwa Fanm òganize yon seremoni pou komemore Jounen Entènasyonal Fanm, nan Biyon, 1è seksyon kominal, komin Chansòlm, nan depatman Nodwès avèk patisipasyon Premyè Dam nan, Premye Minis la, Minis Anvironman an, Minis Kondisyon Feminin nan, òganizasyon entènasyonal epi fanm peyizan nan zòn nan.

​

Jounen Entènasyonal Fanm Peyizan te fèt sou tèm : « Infrastructures durables, accès aux services publics et protection sociale au service de l’égalité des sexes et de l’autonomisation des femmes et des filles des régions rurales ». Tèm nasyonal la se tele thème national : « Fanm peyizan, se poto mitan peyi Dayiti ». Sa ki kapab ede nou rekonèt wòl fanm peyizan jwe nan devlopman ekonomik ak riral pou amelyore sekirite alimantè ak elimine povrete.

Kòm fi ki soti nan Nòdwès, ki gen orijin li nan anviwònman riral yo, Premyè Dam Martine Moïse te pale sou chans li genyen pandan tout vi li pou li rankontre fanm peyizan yo ki se yon fòs kap kondwi kominote yo ak peyi yo sou chimen devlopman.

Eksperyans pèsonèl li nan zòn riral, ede li konstate kijan fanm peyizan yo, menm lè yo manke resous materyèl, ekonomik, edikasyon ak menm lè yo rankontre difikilite ki gen rapò ak anviwònman, lasante, epi politik, yo toujou kenbe fèm depi lontan pou yo pote bourad nan ekonomi nan peyi a, gras ak enplikasyon yo epi konbit yo fè nan sektè agrikòl.

 

Pou li ankouraje fanm peyizan nan Nodwès yo, Madan Moïse, te pale ak yo konsa : « Fanm Nodwès parèy mwen yo, ki sòti nan menm rasin ak mwen, jodia, mwen vle nou  fè yon chèn solidarite, se poutet sa, mwen ankouraje nou reprann aktivite jaden nou yo, rebwaze peyi a, plante manje, se sa kap chanje lavi nou. Latè se richès nou, sa li pwodwi ap ede nou jere fanmi nou, bay pitit nou ledikasyon ak lavi miyò. Ann fè yon feso, pou nou kapab kontinye bay ekonomi nou an bourad, pou nou chanje lavi fanmi nou, kominote nou ansanm ak peyi nou.  Mwen wete Chapo mwen byen ba, devan nou tout Fanm Peyizan ki la jodia. Mwen vle nou konen nou se Motè devlopman peyi Dayiti. »

bottom of page