

AktivitePremye Dam Peyi Dayiti vizite kèk depatman pou li bay timoun yo materyèl pou yo ale lekòl.

Kèk jou anvan lekòl yo louvri, Premye Dam peyi Dayiti, Madan Martine Moïse mache nan plizyè depatman nan peyi a pou li distribiye materyèl eskolè bay timoun yo sitou sila yo ki plis nan nesesite. Te gen anpil fanmi ki benefisye pwogram sila pandan mwa daout ak komansman mwa septanm nan.
​
Martine Moïse, Premye Dam Peyi Dayiti te distribye nan plizyè depatman valiz, soulye ak materyèl eskolè pou timoun yo kapab ale lekòl pou lane 2019-2020 an. Anpil paran ak timoun te apresye jès sa Premye Dam nan te fè a.
​
Soti 31 daout pou rive 2 septanm, Premye Dam nan te nan depatman Grandans, nan komin Dam Mari, Lèziwa, Ansdeno, Abriko, Bonbon, Jeremi, Koray, Pestèl, Bomon. Soti 6 pou rive 8 septanm, Premye Dam nan te nan Depatman Nò, nan komin Limonad, Akil di Nò, Okap; depatman Nodès nan komin Twou di Nò, Pèch; nan depatman Nodwès nan komin Ansafolè, Potdepè, Sen Lwi di Nò. Nan jou ki te 11 septanm nan, Premye Dam nan te ale nan Pèleren ak 15 septanm li te ale Kafou.
​
Madan Martine Moïse, ki se yon manman, konprannn mize manman yo pase chak ane pou yo kapab voye timoun yo lekòl. Se sa ki fè li deside toujou pote patisipasyon pa li bay tout manman ak papa pitit ki nan nesesite. Pou paran yo ki te benefisye yo, Premye Dam nan soulaje gwo kè sote yo te genyen paske yo pat kò wè mwayen pou yo te kapab voye pitit yo lekòl.