top of page

Martine Moïse, Manman Nwèl peyi Dayiti

Nan lespri pou kenbe anbyans pataj ak solidarite, pou fèt Nwèl la, Premye Dam peyi Dayiti, Martine Moïse te bay plizyè timoun kado tankou pope, balon, enstriman mizik, kwizin ak pakèt lòt anko,  soti 23 pou rive 31 desanm 2019 nan depatman Nò, Nòdwès, Nòdès, Sid, Grandans ak Lwès.

 

« Se avèk anpil plezi mwen te distribiye jwèt bay timoun nan plizyè depatman nan peyi a pandan fèt yo nan mwa Desanm nan. Mete lajwa nan kè paran yo, gade timoun yo ap souri, se pi gwo rekonpans mwen kapab jwenn. Timoun ki grandi ak kè kontan, ki jwenn lwazi ak ledikasyon, kapab tounen yon bon sitwayen demen pou ede peyi nou Ayiti vanse sou chimen pwogrè ak devlopman. » deklarasyon Martine Moïse.

 

Kè tout timoun yo ak paran yo te kontan anpil. Yo tap bat bravo,  chante : « Mèsi Martine Moïse, manman Nwèl nou » pou Premye Dam nan. Bo kote paran yo, yo pat manke montre kontantman yo pou jès sila, yo tap di : « Madan Prezidan, se mèsi selman m kapab di pou soulajman sa ou pote pou nou.  Gras ak ou, timoun yo pral jwe kè poze. Mèsi Manmanm Lavi ».

bottom of page