top of page

Fondasyon Klere Ayiti lanse pwojè atelye kreyatif

Fondasyon Klere Ayiti lanse nan jounen ki te madi 28 janvye 2020 an pwojè atelye kreyatif ki ap pèmèt kèk jèn aprann koud. Se yon mwayen pou fondasyon an enplike nan koze kreye plis travay nan peyi ak  bay anpil jèn lakonesans ki kapab ede yo retire tèt yo nan pwoblèm, grangou ak lamizè.

 

Atelye sa fèt nan tèt kole ak Anbasad Repiblik Chine (Taiwan) ki bay fondasyon an twal pou fòmasyon an kapab fèt epi konpayi Electra Sewing ki ap pral aprann patisipan yo fè penti, bwodri, patchwork ak rekiperasyon.

 

" Jodia mwen vini di nou : Men goch, ak men dwat nou, ansanm kapab asire lavni nou. Mwen ta renmen wè lè gran koutirye ak designer aysisyen tankou Helmer Joseph, Maelle David, Phelicia Dell, Murielle Lecomte, ap gen pou pran retrèt yo, se nou menm ki la, ki ap vin ranplase yo. Mwen konte sou nou, Fondasyon Klere Ayiti konte sou nou, Manman nou ki se Ayiti peyi nou konte sou nou. Pa fè mwen wont, Pa fè fanmi nou wont, pa fè Ayiti wont.", se konsa Premye Dam Martine Moïse te pale pou bay patisipan yo sipò ak ankourajman li.

bottom of page