top of page

Ekspozisyon sou pwodwi fanm ayisyèn

Fondasyon Klere Ayiti ansanm ak Biwo Premye Dam nan, reyalize premye edisyon ekspozisyon sou pwodwi fanm ayisyèn, ak asosyasyon fanm nan peyi a, pou bayo jarèt ak bourad ekonomik. Ekspozisyon sila te fèt anba tèm : « Ann kreye pou n leve », nan dat 24 ak 25 me 2019. Plis pase 30 fanm ak 20 asosyasyon fanm te patisipe nan aktivite sila.

​

Medam yo ap evolye nan domèn : Dekorasyon ; Biznis nan Pwodiksyon Agrikòl ; Mòd ; Atisana ; Terapi.  Moun ki te vin vizite ak achte te gen chans pou yo manje kèk pla natif natal tankou tonm tonm ak kalalou, Kasav ak manba, doukounou, soup joumou, konparèt, tchaka, akasan, diri ak lalo, dous makòs.

​

Men kèk non patisipan : Phelicia Dell ; Romylex ; Rose Myrtha Lerima ; Pression Lakay ; Mari’Or ; Métisse ; Mystical Products ; Ateliers Cala ; Trésors de Gerry ; Raco Deco ; Stars Industrie SA ; Afrikarib ; Angel touche ; Pascale Théard Créations ; Yopasa Piment ; Créations Dorées ;  les Dix Doigts de la Vallée de Jacmel,  Vilaj Noailles, Vilaj Ravine-Sèche nan Latibonit, ANATRAF.

​

Ekspozisyon sou pwodwi fanm ayisyèn yo te jwenn sipò Biwo Zafè Piblik Anbasad Ameriken nan Peyi Dayiti, USAID, Anbsad Repiblik Chine (Taiwan), Anbasad Peyi Laswis, CECI, BRANA, ONU Femmes, Options Marketing.

bottom of page