top of page

Premye Dam Peyi Dayiti sot patisipe nan yon konferans SCLAN

Premye Dam peyi Dayiti a, Martine Moïse patisipe nan yon konferans sou ekite lasante lakay adolesan, timoun ak fanm, ki fèt jounen madi 24 septanm 2019 pandan 74èm asanble jeneral Nasyonzini. Se rezo fanm lidè nan karayib yo ki rele Spouses of CARICOM Leaders Action Network (SCLAN) ki te òganize konferans sila.

​

 Tèm konferans lan se te: “Bay adolesan, timoun ak fanm bon jan aksè pou jwen swen.” Inisyativ sila te bay tout Premye Dam ki te patisipe ladann, chans pou yo debat sou pwogram sante lakay yo epi jwen ansanm bon jan strateji ki kapab ranfòse sistèm laswenyaj nan peyi yo, sitou nan sa ki gen ak wè ak kesyon VIH-SIDA, Tibèkiloz ak Malaria.

​

Fòk nou sonje, Madan Martine Moïse, se yon fanm ki angaje li depi kèk tan pou kwape maladi sila yo nan peyi a. Patisipasyon li nan konferans sa te ba li posibilite pou li prezante tout sa peyi a ap regle nan koze sante epi prezante plan ki ap fèt pou ane ki ap vini yo.

​

SCLAN se yon rezo dinamik ki travay ak tout premye dam sou latè, ak kèk òganizayon pou amelyore kondisyon lavi adolesan, timoun ak fanm ki anpil fwa yo konsidere yo tankou moun ki pi fèb nan sosyete a. Se sa ki fè SCLAN kore inisyativ, ankouraje kolaborasyon ak deba ant peyi yo pou kapab kontinye nan angajman tout nasyon pran pou poze aksyon efikas ki vize chanjman, devlopman dirab nan mond nan.

bottom of page