

Fondasyon Klere Ayiti ap montre lajenès kijan pou yo bay premye swen lè gen aksidan

Fondasyon Klere Ayiti met ansanm ak Sant Anbilansye Nasyonal pou bay plis pase yon trantèn jèn fanm ak jèn gason yon fòmasyon sou konpòtman yo dwe genyen si yon moun fè aksidan. Fòmasyon sila ki enpòtan kote nou ap viv nan yon peyi ki gen anpil aksidan ki rive chak jou, te fèt pandan 3 jou soti 21 pou rive 23 janvye 2020.
Patisipan yo te aprann kontwole siy vital yo, aprann siy ki kapab ede yo rekonèt moun ki gen pwoblèm nan kè, pwoblèm pou respire, ak lòt teknik pou sove lavi. Apre yo te fin aprann teyori yo, patisipan yo te pase ekzamen kote yo te alèz pou yo fè pansman, bandaj ak trete yon moun ki boule.
Kounya nou kapab di sosyete a ka konte sou jèn sila yo pou ede yon moun ki fè aksidan pandan lap tann pwofesyonèl lasante yo rive. Jès sa yo ap ede sove lavi anpil moun epi ralanti sou kantite moun ki ka mouri nan aksidan.