



Describe your image

Describe your image

Premye Dam Martine Moïse fè yon vizit koutwazi nan Sosyete Ayisyèn Ed pou Avèg
Depi kèk tan nan peyi Dayiti, madan prezidan yo toujou travay nan sektè sosyal. Men se Madan Martine Moïse ki rive tanmen yon pa nan direksyon moun ki genyen yon andikap espesyalman sila yo ki avèg ak ki gen pwoblèm pou yo kapab wè. Se premye fwa depi 67 lane ekzistans li, Sosyete Ayisyen Èd pou Avèg (SHAA), ki nan Delmas 31, te resevwa nan dat Jedi 20 dawout 2020, yon vizit koutwazi yon premye dam repiblik la.
Jedi 20 dawout 2020, se te yon moman chaje ak anpil emosyon epi kè kontan ki tap degaje nan lokal Sosyete Ayisyèn pou Avèg (SHAA) kote yo tap resevwa yon vizit koutwazi Premye Dam Martine Moïse. Direktè Jeneral la, responsab yo, anplwaye ansanm avèk pasyan enstitisyon an, te akeyi Madan Moïse avèk anpil chalè.
Pandan diskisyon yo, Premye dam nan eksplike se yon devwa pou li kòm sitwayèn, kòm manman tout Ayisyen, pou li enterese a byennèt frè ak sèl li yo, sitou moun ki pi vilnerab yo. Prezans li nan SHAA nan jou sa a, te pèmèt li konprann kijan ensititisyon an fonksyone, difikilte li rankontre chak jou, konsa lap ka ede, ankouraje, pou travay la ka kontinye sou tout teritwa a malgre kontrent, diskriminasyon ak prejije.
Pou rapouswiv sa li tap di yo, Premye dam lan te mete aksan sou anpil jefò Administrasyon mari li a, Prezidan Jovenel Moïse ap fè pou ankouraje tout moun pou jwe wòl pa yo nan avansman peyi a: “Mwen ta renmen fe nou sonje ke Prezidan Jovenel Moïse, atravè Biwo Sekretè Deta a pou Entegrasyon Moun Andikape yo (BSEIPH), kontinye ap travay pou entegrasyon ak defans dwa moun andikape yo. Nap sonje nan dat 10 daout ki sot pase la, genyen 4 jèn andikape ki jwenn lèt nominasyon yo nan Ministè Afè Etranjè ak Kilti aprè yo te fin rekrite yo pou yo kapab entegre administrasyon piblik la, sou baz yon konpetisyon Biwo Jesyon ak Resous Imèn (OMRH) te òganize. San nou pa bliye genyen yon total 49 jèn andikape yo te chwazi pou travay nan divès antite leta a. Sa pwouve entegrasyon pwofesyonèl moun ki gen andikap posib epi gouvènman an vle kontinye fè sa”.
Madan Moïse pwomèt poul retounen ankouraje enstitisyon an poul ka kontinye misyonl ki se ede moun avèg ak moun ki pa wè byen. Le sa a ya devlope potansyèl yo, talan yo ak kapasite yo, jan sa dwe fèt. Ya va kapab jwenn opòtinite ki pral pèmèt yo grandi, entegre diferan espas kote yo pran desizyon, akonpli devwa sivik ak sitwayen yo, pandan yap kapab pote kontribisyon pa yo nan devlopman dirab nan peyi a.
Bò kote pa li, Doktè Péan te pale ak anpil emosyon: "Resevwa Premye Dam Martine Moïse nan SHAA a, fem kontan apil. Mwen ta renmen eksprime santiman satisfaksyon mwen ak apresyasyon mwen pou Premye dam lan, Martine Moïse ki deplase vini rankontre mwen menm ansanm ak moun nan administrasyon SHAA. SHAA se premye enstitisyon nan peyi a ki ap ede moun ki avèg ak moun ki genyen pwoblèm nan je. Li egziste depi 23 fevriye 1953, le doktè Louis Baron ak Mesye Jean A Sorel te kreye li pou ede moun ki avèg ak amelyore lavi moun ki gen pwoblèm nan je. Li gen branch nan 8 depatman nan peyi a kote li genyen yon total 5,000 manm. 3,000 landan yo se nan Depatman lwès yo ye.
Doktè Péan di li swete SHAA kapab benefisye yon akonpayman finansye pou li jwen mwayen pou resevwa plis moun toujou epi louvri biwo nan 2 lòt depatman kote yo poko genyen yo. Li plede pou entegrasyon plis moun andikape nan administrasyon piblik la.
Apre ti pale ak responsab yo, te genyen yon vizit gide nan tout seksyon SHAA yo tankou Bibliyotèk espesyal kote te genyen yon seyans lekti nan liv ki ekri an bray ; sal konsiltasyon, linetri, stidyo kote yo anrejistre liv bray yo, seksyon kote yo fè liv bray yo ak seksyon enfòmatik la.
Jounen an te fini ak yon distribisyon kit sanitè pou moun ki te la yo. Jès sa te fè moun yo plezi. Daprè temwayaj yo bay, jes sa a montre jan Premyè Dam nan ap panse ak yo, li vle pataje ak yo, epi li vle kontribiye nan chanjman kondisyon ak tretman yo bay moun ki andikape yo nan sosyete ayisyèn. Se yon etap ki fèt, yon pòt ki louvri kounya pou moun ki avèg ak moun ki genyen pwoblèm nan je nan peyi a.