top of page

Tanpèt Twopikal : Premyè Dam Martine Moïse te pote sekou bay popilasyon nan Tèt dlo (Petyonvil) ak Site Solèy.

​

Kèk jou aprè tanpèt twopikal Laura fin pase, jou ki te dimanch 23 dawout 2020 an, Premyè Dam Repiblik la, Martine Moïse te vini prese prese pote èd li bay fanmi viktim yo nan Tèt dlo (Petyonvil) ak Site Solèy.

​

Jounen Jedi 27 dawout 2020 an, Premyè Dam Repiblik la, Madam Martine Moïse te ale rann frè ak sè li yo vizit nan Tèt dlo (Petyonvil) ansanm ak Site Solèy, yon manyè pou li ka konprann dega tanpèt twopikal Laura te fè nan zòn sa yo epi montre solidarite l ak yo pandan ke li pote, yon kantite materyèl pou reponn ak ijans yo genyen.

Se te yon sipriz pou fanmi sinistre yo pou yo te wè Premyè Dam nan debake nan katye yo, nan yon moman kote yap viv yon sityasyon ki kritik anpil. Tanpèt Twopikal Laura pa sèlman kite yo san kay, men kèk nan yo te pèdi fanmi yo, kèk nan yo te pèdi plantasyon yo.  Gwo lapli ki te tonbe jou sila, krazé tout espwa yo te genyen e depi jou sa a yo ozabwa.

« Premyé Dam, nou kontan wèw.  Ou vin gade nan ki eta nap viv ? E byen nou pèdi rad nou, nou pèdi tout afè nou, nou pèdi fanmi nou. Nou grangou.  Viniw jodi a fè nou konprann kijan ou se yon manman bon kè.  Ou pa pè mété pyew nan dlo, nan labou pouw vin pote nou sekou. Mèsi Manman lavi. Site Soley kanpe ak ou Manman Martine » Se te pawòl ki sòti nan bouch popilasyon Site Solèy la.

Bò kote pa yo,  moun ki ap viv Tèt Dlo (Petyonvil) te temwaye satisfaksyon yo pou jès sanzatann sa a : Vizit Premyè Dam nan « Mezanmi, manman Martine ou vin wè nou vre ? Depi dimanch nou tap ret tann ou.  Nou konnen ou tap vini kanmenm.  Nou reyèlman kontan wew menm si debri ke dlo a pote preske antere kay nou. » 

Premyè Dam nan li menm te montre jan sa fèl mal poutèt genyen tout fanmi sa yo ki viktim katastwòf natirèl sila. Li te pwofite pou li sansibilize moun yo sou kijan pwoteksyon anviwònman enpòtan pou limite pwoblèm ki kapab genyen depi yon siklòn, tanpèt oswa ond twopikal ta pase nan peyi a: « Frèm ak sèm yo, se avèk anpil tristès mwen wè kijan nap soufri aprè tanpèt twopikal Laura te fin pase, jounen dimanch 23 dawout la. Chak fwa m te tande gwo van, lapli, mwen te panse ak nou, kijan nou santi nou ak timoun yo. Mwen konnen kondisyon nou yo pa fasil. Men mwen pap lage nou. Pandan map ankouraje nou pou nou pwoteje anviwònman nou, map di nou kenbe fèm pa lage. Prezidan Jovenel Moïse panse ak nou. Mwen menm, mwen avèk nou. »

Fòk nou sonje aprè tanpèt twopikal Laura te fin pase nan peyi Dayiti jou ki te dimanch 23 dawout 2020 an, dapre bilan ak enfòmasyon Direksyon Pwoteksyon Sivil te bay, genyen 21 moun ki mouri ak 5 lòt ki disparèt, anpil kay inonde ak anpil plantasyon te pèdi.

bottom of page