top of page

Premye Dam peyi Dayiti, Martine Moïse anime yon panel nan forum adolesan nan Belize.

Premye Dam peyi Dayiti ansanm avèk Premye Dam peyi Guyane ak Bahamas anime yon panel ki tap fè diskisyon sou adolesans ak lajenès jou ki te lendi 27 janvye 2020 an nan kad forum adolesan nan peyi Belize.

 

Se rezo madan lidè Caricom yo ki rele Spouses of Caricom Leaders Action Network (SCLAN) ki te tanmen diskisyon sila yo anba tèm : « Adolesan ak lajenès dwe pran men yo pou chanje ak prepare demen yo » (Adolescents et jeunes engagés pour le changement et un avenir durable).

 

Diskisyon yo ki te chita sou VIH-SIDA, kansè nan matris, sante mantal ak chanjman klimatik te bay Premye Dam Martine Moïse posibilite pou li pale sou kijan peyi li Ayiti trete maladi sa yo ak plan peyi a genyen pou kapab bese kantite moun ki ap soufri ak pwoblèm sila yo.

 

 « Vous comprendrez pourquoi il est important pour moi, d’apporter mon soutien à cette initiative du SCLAN, d’organiser un forum des adolescents durant deux jours autour du thème : Adolescents et jeunes engagés pour le changement et un avenir durable. Car avant tout, je crois que le moment est venu pour nous d’entamer des discussions et de poser les actions concrètes pour garantir le bien-être et une meilleure vie pour nos adolescents…… Créons de la place pour les adolescents, Investissons en eux pour un meilleur lendemain » sa se pawòl preye dam nan te deklare pandan li tap fè diskou li Belize.

bottom of page