top of page

Fondasyon Klere Ayiti lanse Vilaj Kado pou ankouraje aksyon sivik ak patriyotik

Nan tèt kole ak Biwo Premye Dam nan, Fondasyon Klere Ayiti lanse jou ki te 22 avril 2019 la, yon kanpay sansibilizasyon ak edikasyon pou ede popilayon an pratike aksyon sivik ak patriyotik.

​

Se Biwo Zafè Piblik Anbasad Ameriken ki te sipote kanpay sila ki te fèt sou fòm ti komik.  Kanpay sila a te pase nan televizyon tankou Télé Ginen, Télé Vision 2000, Télé Superstar, TNH ak sou reso sosyo yo pandan 3 mwa.

​

Pandan kanpay sa, videyo yo te pale sou : Anviwònman pou montre moun yo kijan pou yo jere fatra, konsève dlo, konbat polisyon ak netwaye lari a ; lanmou pou peyi a/ gouvènans ( konstisyon, 3 pouvwa yo) ; lapè ; egalite fanm ak gason ; respè.

bottom of page