top of page

MUPANAH : Premyè Dam Martine Moïse devwale tablo : «Twa Pitit Wa Henry Christophe yo »

​

Jounen ki te Madi 6 oktòb 2020, nan prezans Minis Kilti ak Kominikasyon an, manb gouvènman, pwofesyonèl nan domèn atistik, manb kò diplomatik ak kèk òganizasyon entènasyonal, Premyè Dam Martine Moïse, ki se Prezidant Donè Mize Panteyon Nasyonal Ayisyen an, devwale tablo : «Twa Pitit Wa Henry Christophe yo ».

​

Dat 6 oktòb la make 253èm anivèsè nesans premye wa nan peyi a ki se Henry Christophe. Nan okazyon sila, Premyè Dam Martine Moïse te prezante yon tablo ki fèt ak penti ak lwil sou fòm kanva, ki genyen ladan li desandan wa a ki se twa  ti moun ke li te genyen  avèk madanm li Marie Louise Malgrein Coïdavid.  Non ti moun sa yo se: Françoise-Améthyse, Anne Athénaïse, Jacques Victor Henry Christophe. Aprè lanmò wa Christophe ak tout pitit gasonl nan lane 1820, Françoise-Améthyse ak Anne Athénaïse te ale nan peyi Italie. 

 

Depi kèk lane, tablo sa, te nan Alexander Art Gallery. Nan lane 2018, gouvènman ayisyen an te achte li nan yon vant piblik nan vil New York gras ak sipò Anbasad Ayiti nan Washington, peyi Etazini.  Nou swete ekspozisyon tablo sila kapab ede tout moun ki ap vizite mize a konplete konsesans istorik yo te genyen sou epòk monachi konstitisyonèl sa ki te make listwa peyi nou.

bottom of page