top of page

Seremoni pou remèt patisipan nan Pwojè Atelye Kreyatif la, sètifika yo.

 

Nan yon pwosesis pou ankouraje metye manyèl, fòmasyon ak sipèvizyon jèn pwofesyonèl ayisyen yo, jounen mèkredi 28 oktòb 2020 sa a, pandan yon seremoni ki te fèt nan Electra Sewing nan SONAPI, Fondasyon Klere Ayiti remèt sètifika bay 31 patisipan nan Pwojè Atelye kreyatif li a. Patisipan sila yo te swiv fòmasyon ki pèmèt yo genyen konesans teyorik, teknik ak pratik nan : Bwodri, Kouti, Design, Pèlaj, Machin Kouti Endistriyèl.

 

Nan prezans Minis Kondisyon Fanm ak Dwa Fanm, Madam Marie Ghislaine Mompremier, Anbasadè Repiblik Lachin (Taiwan) an Ayiti, Mesye Wen-jiann-KU, Reprezantant Onu Fanm an Ayiti, Madam Dédé Ekoué, Direktè Sonapi, Mesye Jean Bernadel Paul, fòmatè, fanmi, zanmi, Prezidant Donè Fondasyon Klere Ayiti a, Madam Martine Moïse, remèt 31 patisipan pami yo 11 fanm ak 20 gason, sètifika onè ak merit yo, paske yo te patisipe nan Pwojè Atelye Kreyatif ki te fèt nan Electra Sewing , nan SONAPI, soti nan 3 fevriye jiska 30 septanm 2020.

 

Fòk nou di tou, prezans pandemi Kowonaviris (kovid 19) la, pat rive kanpe inisyativ sila. Sa pat anpeche patisipan yo konplete kou yo. Edma, ki se youn nan pòtpawòl pwomosyon an, te temwaye moman difisil, li menm ak kanmarad li yo, te rankontre nan dènye mwa yo. Sepandan, li te eksprime satisfaksyon li paske kounya, li kapab transfome pasyon li an yon pwofesyon pou ba li lajan. Avèk fyète, pandan yon defile ak ekspozisyon, li menm ak kondisip li yo prezante diferan kreyasyon yo te fè ak anpil souplès epi serye.

 

Nan diskou li nan okazyon an, Madam Martine Moïse, te salye efò ak reyalizasyon patisipan yo. Li te fè konen kijan li patikilyèman touche pa pèseverans ak dinamis jèn sa yo ki bat bay vag nan moman difisil yo. Pou li, prezans 11 fanm nan fòmasyon sa a, se yon nouvo etap, nan demand ki ap fèt nan peyi a depi kèk tan pou fanm yo benefisye otonomizasyon ekonomik yo.

 

Yon lòt kote, Madam Moïse te pwofite ensiste sou enpòtans metye manyèl nan lavi chak jou malgre sosyete ayisyèn nan toujou kontinye pa ba yo valè yo merite. Konsa, li ankouraje patisipan nan fòmasyon an, pou yo montre pwofesyonalis, etik, konfyans nan tèt yo ak pèseverans. Konsa, yo ap kapab reyalize rèv yo pou yo vini youn nan pi gran travayè nan domèn sa yo.

bottom of page