top of page

Gala Fondasyon Klere Ayiti.

Mèkredi 5 desanm 2019, Fondasyon Klere Ayiti òganize yon sware gala pou leve fon nan Tara’s ki ap ede bay bourad a objektif  fondasyon an nan plan li genyen pou li aji nan domèn anviwònman, sante, ak devlopman kominote. Teyat Nasyonal, ak kèk atis ayisyen tankou James Germain te vini pou pati kiltirèl la.

 

Anpil pèsonalitè, patnè ak òganizasyon te fè deplasman pou yo pote kontribisyon yo bay Fondasyon Klere Ayiti pou kore misyon bay sèvis nan kominote yo, nan kesyon lakilti; edikasyon; anviwònman; lidèchip; timoun piti; espò.

 

Pandan gala a, Premye Dam peyi Dayiti, Madam Martine Moïse ki se Prezidant Donè Fondasyon Klere Ayiti te remèt plizye prim bay atizan ki te genyen yon konkou pou atis ak atizan fondasyon an te lanse nan Vilaj Nway nan mwa davril 2019 anba tèm « Ayiti Klere jodi, la vi miyò demen. Yo te vann tou kèk zèv atis ayisyen tankou Jean-Claude Legagneur, Albert Desmangles, Jean-Louis Sénatus, et Grégory Vorbe.

 

Sware sa a te yon reyisit.  Te gen anpil moun ki tap chante, danse, prezante pyès teyat.  Te genyen tou yon defile  de mod ki te fèt ak twal Anbasad Repiblik Chine (Taiwan)  te fe don a fondasyon an.  Defile de mod sa a te prepare pa de gran dizayne ayisyen, Helmer Joseph ak Maëlle F David. Yon pwogram ki te fè envite yo anpil plezi !! 

bottom of page